Pwezidan peyi Buwonndi a, Pierre Nkurunziza mouri

334

Boujonmboura___(TRiboLAND) Nan yon kominike pwès ke gouvènman Bunwonndi a fè sòti, anonse lanmò subit pwezidan Pierre Nkurunziza. Gouvènman an deside mete drapo a demi ma e anonse yon semènn dèy an atandan yo anonse fineray chèf leta a.

Lanmò pwezidan Pierre Nkurunziza gen pou wè avèk yon atak kadyak. Chèf leta a te ospitalize depwi yè Samdi a akoz yon malèz, dapwè kèk sous entènn. Genyen dout ki plane sou koz lanmò Bunwonndi a. Kèk lòt sous sanitè ki pa klè ta evoke yon posib enfeksyon Kovid-19.

Pierre Nkurunziza nan tèt majislati leta a depi 2005; absans li kreye anpil vid ak panik anndan gouvènman an. Paralèlman madanm li, Denise Bucumi bò kote pa li oblije antre imedyatman apwè li te ospitalize nan peyi Kenya kote ke li tap pran swen pou sentom kowonaviris yo.

Lavi vle reprann timidman apwè lanmò Pierre Nkurunziza, sepandan ti gwoup nan divès katye pa sispann ap pale anba anba. Gwo spòtif avèk yon fwa kretyen ki djanm, chèf leta a mouri a 55 lane, li kite dèyè yon peyi ki nan ekstrèm povwete, sakaje anba kriz politik ki okazyone lanmò plis pase 1,200 moun ak 400,000 bouwonndè ki    pran wout egzil.

Comments are closed.