Pou ede plis timoun katye defavorize yo repwann chimem lekòl, direktè pwopriyètè Jeremi Pub lan, fè don ak san timoun.

257
0
Share:
TRiboLAND

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Pou ede ak fasilite plis timoun nan katye defavorize yo pran wout lekòl, direktè pwopriyetè Jeremi Pub lan, Anderson Divert ak sipò Fondasyon Ayisyènn Sante (HHF) fasilite yon santèn timoun lekòl benefye kit eskolè ki reponn nan respè ak dinyite benefisyè yo.

Daprè Anderson Divert, li chwazi fè aksyon social sa yo, depi anviwon yon dizènn lane, nan objektif pou ede timoun fanmiy ki nan katye defavorize yo e ki òfelen manman oubyen papa jwenn posibilite pou pwan chimen etablisman eskolè, menm jan ak timoun fanmiy bèl mwayen yo.

Se te yon okazyon pou Anderson Divert ekzòte pwofesè lekòl piblik yo nan Grandans, pou yo pwan konsyans al fè lekòl nan lekòl leta yo, paske pwan chèk leta a, ki se lajan popilasyon ayisyèn an chak mwa, se yon mank devwa patriyotik.

Pandan ke l mande responsab yo nan leta pou aji ak fèmte jis pou mete fen ak system lekòl a plizyè vitès nan depatman Grandans lan.

Share:

Leave a reply