Yon pitit fi vil Pòdpè eli kom vis-prezidant yon konsèy minisipal nan peyi Itali

Par Lou Evans Arne
Iliana Joseph, ki soti Pòdpè, te eli, lendi 29 septanm 2025, kòm vis-prezidant Konsèy Minisipal Settimo Torinese, yon komin ki sitiye nan rejyon Torino, nan peyi Itali. Se premye fwa sa rive nan listwa. Eleksyon sa a make yon gwo pa nan reprezantasyon fanm imigran yo nan politik peyi Itali.
Iliana Joseph te eli kòm konseye minisipal ane pase a sou lis Pati Demokratik la (PD). Li make tèt li pa angajman li pou dwa sivil, jistis sosyal, ak lit kont diskriminasyon. Nominasyon li nan pozisyon estratejik sa a fèt nan yon kontèks politik kote dwat la domine e kote tansyon sou imigrasyon ak rasis trè cho.
« Mwen onore pou m asime wòl sa a, e m angaje tèt mwen ak devouman ak pasyon pou m defann enterè tout kominote nou an », se sa li ekri sou paj Facebook li.
« Mwen panse mwen se youn nan kèk fanm ki soti aletranje ki rive okipe yon pozisyon konsa nan tout peyi Itali. Sa se onè pou mwen, men sa fè m panse tou ke sa pa dwe konsidere kòm yon eksepsyon, men kòm yon nòmalite : yo dwe konsidere moun pou sa yo ye, pa pou kote yo fèt. »
Source : https://www.facebook.com/Louearne?__cft__[0]=AZU6PDxlX5gsl_FV7_TWq9s9AHcQI0NWwIMP6HiEBJJnhZLuPSsfpKUJj_x9I9ziNK3jiXF8nrmuM7-VFjNRUnfSb3bpP7bqF0pEkM8MELE2Moj6D_sg09r0UwxcTwR_FtkVjchL53eQIgbg8isD08Q3kAOGNbwfNidCVAxKfbIHng&__tn__=-UC%2CP-R






