Konstriksyon twonson wout riyèl randevou nan vil Pòdpè kreye anpil wounou wounou

2,913

01/05/2022

Pòdpè_____(TRiboLAND) Depi apwè asasinay ansyen pwezidan Jovenel Moise, yon seri travay ensfwastrikti woutyè kite tanmen nan depatman Nòdwès la notaman nan vil Pòdpè sispann san esplikasyon. Sepandan, nan kàd aktivite mikwo twotwa korespondan TRiboLAND tanmen, moun kapab remake aktivite konstriksyon yon nouvo twonson wout nan riyèl Randevou ki demare.

Se yon chantye travay ki deja sisite wounou wounou nan site Kapwà Lamò; kidonk, moun ta renmen konnen èske se kontinite travay defen pwezidan an ki repran oubyen se yon patenarya piblik – prive.

Twouve direktè depatmantal travo piblik branch nòdwès la nan telefòn Msye Angelot Horacius Joseph, pou konnen egzakteman tout enfòmasyon konsènan yon parèy travay, li fè konnen se travo piblik branch nòdwès k ap egzekite twonson wout sila; sepandan, gen yon pwopriyetè otèl nan riyèl la ki bay kontribisyon pal nan zafè planch pou monte twotwa yo.

Li enpòtan pou konnen, travay konstriksyon twonson wout riyèl Randevou a deja kòmanse e pa menm genyen oken ekrito ki founi yon seri enfòmasyon konsènan kilè travay sila ap fin egzekite, konbyen kòb k ap fèl e kiyès k ap finanse l elatriye.

Antouka, n ap anonse w ke riyèl Randevou a pat fè pami riyèl ak ri ki tap benefisye beton idrolik la sou pwezidan defen an, sa ki lakòz anpil moun ap swiv kòman sa pral pase.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.