Nouvo direktè depatmantal PNH Grandans lan ap trese lèl pou yon pi bon fòmil sekirite

882

09 – 06- 2023

Dam Mari, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan objektif pou jwenn bonjan rezilta nan sekirize lavi ak byen popilasyon an, nan kat kwen depatman Grandans lan, nouvo direktè depatmantal enstitisyon polis nasyonal la, Louis Edner Yassainthe, fè yon latriye chanjman, nan nivo enstitisyon an.

Nan Dam Mari, enspektè divizyonè Daniel Laurent, ranplase enspektè divizyonè Lubin, ki transfere pou yon lòt pòs sou depatman Grandans lan,

Chanjman sila realize, a anviwon 2 jou fèt patwonal komin Dam Mari (Notre Dame Lanativite), yon festivité ki konn reyini dèmilye, pèlerin, fidèl legliz katolik meloman tout kalib.

Nap sinyale, direktè Yassainthe apènn transfere soti nan Nòdwès peyia; li ta sanble yo akize li nan yon latriye malvèsasyon, rakèt ak akwentans nan danse kole ak gwoup gang Ti Bwadòm.

Comments are closed.