Billy Charles, se non yon endividi k’ap viv nan komin Ansafolè ki depatcha ak kout manchèt 4 manm nan yon sèl fanmiy.

931

12 – 06 – 2023

Ansafolè, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon entèvansyon Charles Marcson fè sou radyo Marconi nan vil Pòdpè, li fè konnen genyen 4 manm nan fanmiy li tankou : papa li, 2 frè li, ak manman li, ki viktim zak asasinay tchake ak kout manchèt anba men yon endividi ki pote non, Billy Charles.

Poze kesyon pou konnen, kisa ki ta lotè zak asasinay si la? Ki kote zak sa komèt? Èske gen moun ki mouri? Marcson Charles fè konnen, se gwo la jounen nan yon jaden yanm zak la te arive poze. Marcson Charles ki te genyen anpil emosyon nan moman rakonte a, esplike ke fanmiy ki viktim nan grav anpil e yo ap soufwi sou kabann lopital Beraca Lapointe des Palmistes. Konsa, li gen gwo dout pou se ta zafè tè minè, ki ta lakòz zak kriminèl sila dapwè sa yo aprann li.

Pou koulya, manman, papa ak 2 frè Marcson Charles yo nan faz operasyon sou kabann lopital; sepandan pa gen yon pyas pou achte medikaman ni peye frè operasyon. Nan sans sa a, Marcson Charles ki pat ka kenbe doulè a pou kòl mande ak sila yo kap viv ayiti kou aletranje bay yon kout men, yon mannyè pou rive retabli kèk manm nan fanmiy an.

Kanta pou kriminèl notwa a, Billy Charles, li deja twouve li nan gadavi komisarya prizon sivil Pòdpè a, malgre grèv paketye yo kontinye ap anpire chak jou ki jou.

Comments are closed.