Legliz Evanjelik Batis Siloye Delouanj demare ak pwogramasyon fèt patwonal Senlwidinò a.

08 – 17 – 2024
Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Nan lide pou fèt patwonal Senlwidinò a reyisi pou tout sèktè relijye yo, reveran pastè Jacob mete sou pye 5 jou konferans sou plas piblik Senlwidinò a. Objetif yon parèy sòlòkòtò kretyen, se pou pote e mete pawòl evanjelizasyon an nan yon lòt nivo pou popilasyon an ki manke viv sajès Kris la.
Seyans konferans sila yo pral chita sou “Ak 3 vèsè 6” ki pral pote yon motivasyon entegral nan mitan kretyen yo ak boske tout nanm ki pèdi patiraj yo.
Chak swa, koral ak gwoup evanjelik soti nan tout bout kwen atravè komin Senlwidinò pou vin loure Papa Letènèl sou plas piblik lokalite a. Nap sinyale, depi debi konferans yo, deja genyen plis pase yon ventèn moun ki asepte Kris kòm Sovè pèsonèl yo.







Mwen kontan jan de enfòmasyon sa yo kapnpibliye à.
E map swete Senlwi di nò bon kouraj e kenbe fèm
Elinès Vincent
Fondasyon triboland nan Wo Moustik
Ledger App