Yon endividi ki pa idantifyàb krible Avoka Albert Joseph anba bal nan nan vil Wanament

419
0
Share:
TRiboLAND

Wanament, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan moman li te sou machinn li, mèt Albert Joseph, yon avoka dekaryè nan bawo Fort-Liberté a te anba atak bal yon endividi ke moun pa arive idanfye jodi mèkredi 24 septanm 2025 lan nan vil Wanament.

Selon enfòmasyon ki rive nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, ta sanble yo tap bay gadyen Lajistis la kontwòl; se konsa, malfwa ki pa idantifyàb te tire nan kawoutchou machinn mèt la e ki te patine, alòske aseyan an ta pral pran Albert kòm sib e krible li nan tèt lachman nan Ri Espanyòl, tou pre BUH la, nan Wanament.

Enfòmasyon yo fè konnen ke se sou kabann lopital ke avoka Albert Joseph rann dènye souf li, aprè anpil mannèv ak bwàs pou te sove lavi li. Ke nanm li repoze nan la pè etènèl.

Nou dwe sinyale ke mèt Albert Joseph te nan yon gro chire pit avèk pastè Moise, patwon diri KPK a, kote ke li te akize avoka a kòm moun ki nan konfyolo ak ansyen jij ou depite Elisma Flovil alyas Mama ak gwo chabwàk nan repiblik dominikèn pou fè fèmen mouvman diri a pou yon afè 400 mil dola blan je vèt.

Share:

Leave a reply