Trajedi nan Moron : Yo jwenn yon pèsonaj fanm mouri nan yon rivyè

364
0
Share:
TRiboLAND

Moron, Grandans _____(TRiboLAND) Yon fanm ki rele Venise Deolien mouri nan yon rivyè maten mèkredi 24 septanm 2025 lan nan lokalite Moron, Grandans, daprè enfòmasyon lokal yo.

Daprè pitit fi li, Venise te kite lakay li vè 2è di maten, pandan tout moun tap dòmi. Depi lè sa a, pèsonn pat konnen ki kote li te ye, jiskaske yo dekouvri kò li nan rivyè a.

Otorite lokal yo poko bay plis detay sou koz lanmò a, men yo fè konnen ankèt ap fèt pou detèmine sikonstans trajedi sila.

Share:

Leave a reply