Me sitiyasyon popilasyon Senlwidinò a pou achte yon sak diri nan depo lapasyans.

1,330

09-21-2022

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Popilasyon an ap sibi move tretman anba men yon gwoup moun san pitye kap vann diri nan depo Lapasyans. Se avèk anpil “kanpe nan tèt anba” ak bouskilad palavire” pou achte yon ti sak diri pou 4250 goud sou pretès yap fè likidasyon.

Popilasyon sa kap viktim tout kalite vyolans anba men tout kouch moun nan sosyete a ki vle rive vit, pa konn ki sen pou yo rele pou delivre yo. Yo vann yo pi pichè men yo fè yo kwè se likidasyon; se yon pratik ki pral gen gwo konsekans sou popilasyon an nan jou kap vini la yo, paske li pral mande se plizyè moun ki pral mete tèt ansanm pou achte yo ti goblè diri si sitiyasyon an ret janl ye la.

Après depo Lapasyans fin fè komsi li livre tout sa ki te genyen li pral difisil pou gen kòmand ankò nan komin Senlwidinò paske se mesye Tergélus ki plase kòmand pou tout depo yo.

Yon sitiyasyon tout moun ap swiv men ki anonse lafen dètan!

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.