Kawodati : Inogirasyon yon pi atezyen ki pral desèvi yon milye kretyen vivan

329

04/01/2021

Kawodati, Basen Ble_____(TRiboLAND) Kowòdonatè KASEK 2e Seksyon Kawodati, komin Basen Ble, depatman Nòdwès, msye Louis Viltéra, inogire aprèmdi jedi 1e avril 2021 an, nan lokalite Nan Boule, yon pi atezyen (Puits artésien) ki pral desèvi yon popilasyon ki evalye a yon milye kretyen vivan.

Konstriksyon pi atezyen saa ki evalwe a $ 48 mil, se lajan fòs kouraj popilasyon Kawodati a ki lakoz pwojè saa rive ateri.
Se te yon okazyon pou KASEK Viltéra Louis ki gen plis pase yon lanne depi l pa janm touche yon goud, kritike Prezidan defakto a, msye Jovenel Moïse ak tout madanm li ki se moun depatman Nòdwès e ki pa janm fè anyen pou soulaje soufrans popilasyon seksyon saa k ap fè faskare ak tout kalite pwoblèm.

Benefisyè sa yo ki te reponn prezan anndan seremoni an e ki te fè TRiboLAND konnen yo menm ak bèt yo konn bwè dlo menm kote, pat kache satisfaksyon. Yo enplore Granmèt la pou l bay lavi Kasek alonj pou parèy egzekisyon.

Malgre Kasek Louis deklare prezidan defakto a, msye Jovenel Moïse pa konn egzistans moun Kawodati, sa pa anpeche Kasek la kontinye mete Jovenel Moïse okouran kèk pwoblèm seksyon saa ap fè fas tankou pwoblèm wout, sante, edikasyon, grangou, mizè, lavichè…pou n site sa yo sèlman.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.