Nan objektif pou rezoud kèk nan pwoblèm kap trakase bil kominote a nan Komin Anzdeno òganizasyon Jenès Tèt Pansant, realize 2 jounen refleksyon .

138
0
Share:
TRiboLAND

Anzdeno, Ayiti____(TRiboLAND) Sou inityativ òganizasyon Jenès Tèt Pansant nan komin Anzdeno, 2 jounen refleksyon realize ak patisipasyon notab yo, kad pwofésyonèl, peyizan ak agrikiltè kite sòti atravè seksyon kominal yo, te reyini nan sant vil lan pou fè bwase lide sou ansanm pwoblèm kap trakase bil kominote a.

Bwase lide yo, te plis chita sou pwobèm enfwastrikti woutyè, sekirite, edikasyon, sante, agrikilti ak gouvènans lokal, selon reprezantan komite mouvman Jenès Tèt Pansant lan, enjenyè Beniel Joseph; retonbe refleksyon sa yo ap pèmet tout pitit Anzdeno yo, idantye ansanm pwoblèm yo, e reponn ak solisyon apwopwiye yo.

Diferan sektè kite reponn prezan nan aktivite yo, bay garanti yap rete soude yonn ak lòt, yon fason pou jwenn pi bon mwayen kap fasilite yo, jwenn yon pi bon fòmil pou devlopeman komin Anzdeno, san ke yo pa retann fo pwomès woule’m debò gouvènman fantòm nan.

Share:

Leave a reply