Ajan ekzekitif enterimè komin Anzdeno a, mande chèf lapolis la nan Grandans pou ogmante efektif la nan Anzdeno.

403
0
Share:
TRiboLAND

Anzdeno, Ayiti_____TRiboLAND) Parapò ak zak kriminèl yo ak vòl zannimo peyizan yo nan komin Anzdeno pandan jou sa yo, prezidan komisyon kominal enterimè Anzdeno a, Pwôfèsè Richard Maciano, mande direktè depatmantal polis la nan Grandans, Frantz Saint Armand, pou ogmante efektif lapolis la pou komin Anzdeno.

Daprè majistra Richard Maciano, bandi ki soti nan Pòtopwens ak Okay rann peyizan yo lavi difisil; tanzantan yo ap ransone sitwayen yo, e menm rive detwi lavi yo, pou byen yo posede, sou preteks viktim yo se lougawou. E nan ka sa, yo jij depè ki nan komin lan, pa genyen ase polisye pou kwape bandi yo, dèfwa ki ame ak gro zam dezagreman otomatik.

Majistra Maciano fini pou’l fè konnen, abitan yo nan komin Anzdeno, sitou pechè yo, sibi atak ame bandi ayisyen melanje ak resòtisan jamayiken. Yo akize group teworis sila yo, kòm eskanmòtè ki, non sèlman pwan pwodwi lapèch yo, men tou yo pwan motè chaloup yo, e yo ale ak yo. Nan sans sa Majistra Maciano Richard ,swete depatman an pwan ankonsiderasyon ansanm pwoblèm sa yo ke manm popilasyon an nan komin Anzdeno ap sibi chak jou ki jou.

Share:

Leave a reply