Nòdwès : Komisè Jeir Pierre mande demobilizasyon BSAP pou 72 èdtan

Pòdpè, Ayiti ____(TRiboLAND) Sitiyasyon tansyon ki genyen nan mitan BSAP nan Nòdwès la pran yon lòt direksyon. Komisè gouvènman an, Jeir Pierre, anonse jodi mèkredi a yon mezi demobilizasyon pou 72 èdtan, pandan li mande klarifikasyon sou kesyon lidèchip nan estrikti BSAP la nan Nòdwès peyi a.
Daprè Komisè Jeir Pierre, BSAP nan depatman an pa gen yon direktiv klè. Konsa, sa koz anpil konfizyon ak plent ki sòti nan men popilasyon an. Li denonse konpòtman kèk ajan ki, daprè li, ap aji tankou bouwo malfektè, san kontwòl reyèl. Nan sans sa a, li entèdi tout ajan demobilize yo pou yo pa kontinye pote inifòm ak zam pandan peryòd sa a.
Komisè a te ensiste tou sou nesesite pou gen yon sèl otorite ofisyèl pou dirije BSAP nan Nòdwès la. “Pa ka gen de gwoup BSAP nan depatman an. Toutotan ANAP poko voye yon desizyon klè sou kiyès ki gen lidèchip la, map mande pou yo rete trankil,” se deklarasyon li.
CG Jeir Pierre fini pou di, yon fwa konfli sa rezoud, ajan yo ap gen pou retounen nan zòn kote yo dwe sèvi, daprè misyon enstitisyon an.






