Eskandal nan tèt BSAP Nòdwès : 2 direktè ap dirije an menm tan

528
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpe, Ayiti ______(TRiboLAND) Aprè dram ki te dewoule nan zòn Djerilon, Pòdpè nan lannwit lendi 8 septanm 2025 la, sitiyasyon an vin kreye yon gwo konfizyon nan tèt Brigad Sekirite Zòn Pwoteje (BSAP) nan Nòdwès. Daprè enfòmasyon, popilasyon an tonbe nan meli melo fas ak 2 moun ki prezante tèt yo kòm “Direktè Depatmantal” enstitisyon an.

Métayer Robinet, ki se responsab ofisyèl ki sòti nan Pòtoprens, pran lapawòl nan mikwo laprès pou mete kèk limyè sou dosye a. Li kritike ak tout fòs li zak li rele malonèt ak baba kèk ajan ta fè sou plizyè sitwayen nan rejyon an. Daprè li, aksyon sa yo pa gen rapò ak BSAP ki gen baz legal la, men pito se manm yon gwoup ilegal ki jwenn tèt yo dèyè yon non byen koni nan zòn nan, Petit Paul alyas Papa Loulou.

Responsab la fè konnen mouvman sa a se yon pratik dezobeyisans ki antre an konfli ak prensip demokratik ansanm ak règ ki tabli fonksyonman enstitisyon an. Nan sans sa, li mande popilasyon an pou yo pa melanje òganizasyon ki gen manda ofisyèl pou pwoteje anviwònman ak sekirite sitwayen yo, ak ti gwoup endividi kap aji sou pwòp kont yo.

Share:

Leave a reply