Larepiblik Pòtopwens Gran manjè eksite lide endepandans lakay lòt zònn defavorize

393
0
Share:
TRiboLAND

Podpe__(TRiboLAN) Se vre, devni yon peyi ki fann an ti miyèt moso sa bay kè sere ak amètunn. E tout sa kreye anpil dout ki kesyon avni peyi Jan Jak Desalenn nan an gwo. Sepandan, anpil moun ki pa danse kole ak lide pou Lagonav ta chèche genyen pwòp otonomi li, estime se pwesipite peyi-a nan plis falèz toujou.

Ba Nodwes

Konsa, moun sa yo ta sanble inyore inekzistans pwovens ki se yon seri zònn defavorize kote swadizan leta pa menm egziste. Anplis, avèk konpòtman leta koupyon ak politisyen pwazon ki kreye Larepiblik Pòtopwens ki anmagazine ou akapare tout taks kontribyab pwovens yo ak tout èd etwanje, moutre ke peyi-a deja divize. Nou ta vle mande moun ki fè tankou yo pa konpwann lide “La Gonave an avant” an, ki sa moun Lagonav ta dwe fè pou yo kapab suviv nan moman sa? Eske yo ta dwe tann yon lòt 20 tan ankò jiskas ke tout moun finn disparèt; oubyen rete tan yon gwoup idyo ki chita nan Pòtopwens ap panse pou rès peyi-a kap viv nan mizè nwa depi djab te kaporal?

Lekol Nasyonal Ma Gran Bwa, Nodwes

Lagonav pa inik zònn nan peyi-a ki gen lide sa. Pwemye zònn ki tap kleronnen mouvman sa, se Nòdwès, yon zònn ki genyen yon konspirasyon nasyonal kap anfonse-l depi yo te finn asasinen Kapwa Lamò ki te youn nan moun ki te mete an defi Lame Napoleon an. Malerezman, granmesi chyen se kout baton! Nodwès pa sispann soufwi depi egzistans li. Avèk yon tanperaman lokal ki pezib e menm nayif, se pa moun ki kwè nan leve kanpe pou reklame dwa yo kòm sitwayen peyi Dayiti. Poutan, tout gouvènman ki pase nan tèt peyi-a pa jamè wè Nòdwès nan dòmi pou nou pa di je klè. Siklònn, ak aktivite late tranble pase nan Nòdwès, se anba betiz yo pase nou ak ti kit alimantè ki pa menm ka separe!

inondasyon nan Nodwes

Yo toujou fè referans a Nòdwès kòm “Azil Boutou”, kòm kwa yon lòt tèritwa loray kale, san avni, san sans, san espwa, san pwodiktivite, san richès minyè, e san avni ou potansyèl ekonomik. Konsa, vye wout lanfè ki soti sou Nòdwès pou rive jis Kafou Jòf, egziste depi sou Bertrand D’Ogeron, pweske depi sou Lakoloni, alòske tout popilasyon an peye taks. Alò, trete ou tòchonnen yon depatman nan yon eta parèy, se fòse li pwan zam, revòlte e chèche yon rekou pou li kapab suviv. Nòdwès se premye depatman yon otonomi ap fè pi byen!

Wout: Kafou Joffre – Podpe

Leta nan konfyolo ak swadizan boujwa Siryen Bachar Al-Assad nan peyi-a, asyeje depatman Nòdwès ki nan yon moman te konn suviv avèk debouche ki te genyen avèk Miami. Anplis, politisyen tèt pa dwàt mize sou povwete ak vilnerabilite Nòdwès pou ranfòse mileyaj politik yo nan yon zònn ki pa gen: swen sante, teknoloji, aktivite komès ou developman ekonomik, edikasyon, lekòl pwofesyonèl, warf, sèvis dlo potab, anplwayabilite, elektrisite, pwogram eskolarizasyon, enfwastrikti woutyè, endistri ou faktori, ak yon pakèt bagay de baz pou pèmèt moun fonksyone.

San avni e san anplwa

Alò, fas a yon parèy lanfè, nou di leta ak tout gouvènman kriminèl yo vouzan! Ki sa ki genyen de mal pou popilasyon Nòdwès la pa ta anvizaje yon endependans fas a yon leta ke yon gwoup politisyen ak boujwa tèworis deja ranplase? Nou regret sa pou sa yo ki pa reyalize ke peyi deja genyen anpil endikatè inegalite kap batay kont desantralizasyon. Avèk la Larepiblik Pòtopwens, se tout afè nòmal pou lòt kote chèche fason pou yo suviv anba yon sistèm kap anglouti yo chak jou Bondye mete.

Share:

Leave a reply