Dram nan Sen Lwi Dinò : Yon Avoka touye pwòp kliyan li

596
0
Share:
TRiboLAND

Sen Lwi Dinò, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon zak trajik souke komin Sen Lwi Dinò nan depatman Nòdwès la maten lendi a, kote yon avoka rive touye youn nan kliyan li yo.

Viktim nan, Wisly Daniel, te resevwa yon bal nan tèt nan men Mèt Celand Odelus, avoka kap trete dosye pitit li Widlet Daniel, ki nan prizon sivil Pòdpè. Malgre yo te transpòte li prese prese nan Sant Sante Beraka, Lapwent Dèpalmis, malerezman Wisly Daniel rann dènye souf.

Ziggy Carmaëns, neve viktim nan, ansanm ak plizyè lòt temwen ki te sou plas konfime nouvèl lanmò a. Se te jij Fortunat Jean Baptiste ki te prezan sou plas pou egzekite konsta legal kadav la.

Daprè rapò fanmi lan, Wisly Daniel te deja plenyen sou presyon ak kantite lajan avoka a te konn mande pou dosye pitit li a. Nan moman viktim nan tal mande yon lèt pou fè swivi, diskisyon an ta vire mal, e se la zak la rive fèt.

Zak sa a vin agrave klima defyans ki deja egziste ant popilasyon an ak kèk manm sistèm jidisyè a nan Nòdwès peyi a, kote anpil vwa ap denonse abi, presyon ak zak vyolans kap fèt anba etikèt lajistis.

Share:

Leave a reply