Nan objektif pou fè devlopman nan komin Chanbelan, yon Gwoup sitwayènn, sitwayen lanse yon òganizasyon ki pote non “Platfòm Yon Lòt Chambellan Posib”

Chanbelan, Ayiti_____(TRiboLAND) Platfòm Yon Lot Chanbelan Posib, se inityativ yon gwoup sitwayènn ak sitwayen nan komin Chanbelan ki vize mete rejyon an sou ray devlopman sou tout fòm. Daprè kòdonatè Platfòm lan, pastè Daniel Claude, yo deside fè mouvman an akòz yo pa remake aksyon leta a nan kesyon devlopman komin Chanbelan.
Deja, nan kad lansman estrikti sila nan komin Chanbelan, komite ki responsab kesyon anviwonman, renmèt lameri Chanbelan plizyè poubèl an plastik yon fason pou ede kenbe vil lan pwòp. Selon kòdonatè “Platfòm Yon Lòt Chanbelan Posib” lan, pastè Daniel Claude fè konnen nan jou kap vini yo, òganizasyon an atravè manm li yo pwal fè yon grò asenisman nan zòn arisk yo, jis pou anpeche lapli fè dega nan sant vil Chanbelan an.
Kòdonatè a ale pi lwen pou li di ke “Platfòm Yon Lòt Chanbelan Posib”, lan mande pou tout petit komin nan rejwenn yo nan inityativ sila ki vize yon lòt Chanbelan san fòs kote.






