Lapolis fouke sou zile Lil Avach, 2 endividi pou trafik dwòg

476
0
Share:
TRiboLAND

Se nan yon operasyon tranble janm ke lapolis nan depatman Sid peyia arive mare kon krab 2 komèsan bòz ki tap feraye sou zile Lil Avach jedi pase.

Enfòmasyon yo fè eta 2 pwezime annafè: Rorose Myrtil ak Mickel-Ange Pierre ki te an posesyon yon bon grabdouy matiwana, selon yon nòt ki soti nan ògann laprès relasyon piblik PNH la.

Daprè responsab otorite yo; yo tap chèche pou yon bon bout tan 2 revandè mariwana sila yon depi yon bon bout tan. Yo akize yo, deske yo nan gro kòkòday ak yon seri dealer mariwana jamayiken ki toujou ap travèse lizyè.

Nan moman sa a, 2 annafè yo, kidonk, Rorose Myrtil ak Mickel-Ange Pierre trouve yo dèyè bawo ap reflechi, annatandan Lajistis mete anplas tout pwosedi legal yo, jan lalwa pwevwa li.

Share:

Leave a reply