Avoka yo nan Pòdepè mache e mande Jistis pou kòlèg yo Me Monferrier Dorval

239

09\01\2020

Pòdpè____(TRiboLAND) Aprè yo te fin fèmen pòt tribinal sivil, pakè ak tribinal depè Pòdpè a yè lendi 31 out 2020 an, avoka yo nan bawo Pòdpè a, pran lari maten madi 1e septanm 2020 sa a, pou kontinye eksprime kòlè ak endinyasyon yo devan zak kriminèl bandi ak zàm komèt sou batonye lòd avoka Pòtoprens lan, Me Monferrier Dorval.

Pandan tout pakou mach la, anba gwo lapli,yo tap lanse kèk slogan tankou
“Jistis ou jijman tout asasen ki gen dwèt yo tranpe nan lanmò kòlèg yo a. Bò kote pa li, Me Edler Louima, youn nan avoka bawo Pòdpè pa’t kache emosyon’l devan kadav potorik gason sa a, pou di peyi a p’ap dirije ni administre e yo bezwen yon lòt leta ki pou moutre chimen an.

Akova yo nan Bawo pódpè a fini pou di san Me Monferrier Dorval p’ap koule pou granmesi kote yo tout kase randevou jedi k’ap vini la pou yon lòt mach pasifik.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.