Direktè depatmantal adjwen edikasyon an nan Grandans, pwofesè Marck Antoine Pierre Louis entèpele konsyans lekòl piblik yo.

237
0
Share:
TRiboLAND

01 – 19 – 2026

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Depi mwa oktòb 2026, majorite pwofesè lekòl piblik yo nan depatman Grandans, kontante yo sèlman pwan chèk nan adminissyon direksyon depatmantal lan ak nan mem enspektè zòn yo, san ke yo pa mete pwent pye yo nan etablisman eskolè piblik yo atravè depatman an. Konsa, malgre kichòy ki antre nan men yo pou delivre pen enstriksyon an bay pitit moun nan klas peyizan yo ak klas moun defavorize yo.

Direktè depatmantal adjjwen an, pwofesè Marck Antoine Pierre Louis ki konsyan fas ak sitiyasyon pwoblematik sila ki konsène ti moun yo ak paran yo kap viktim depi yon bout tan nan Grandans, mande anseyant ak ansenyan yo ki ap touche chak mwa ak lajan task, malerèz, malere yo, pou pwan konsyans antanke pwofesyonèl edikatif, pwan wout etablisman eskolé piblik yo, yon fason pou jistifye ke yo twavay pou lajan ke y’ap touche chak mwa yo. ‎

Antouka, konsta yo bay, pwatik mèt dam sila, kontinye ap gaye kò li atravè repiblik la, malgre konplent plizyè antite ki estime se yon lòt fòm kòripsyon ki kontribye nan efondreman sistèm edikasyon peyi a. Nap raple, chak fwa genyen efò ki arive fèt pou avanse ansenyan yo yon mwayen, yon bal pa pati; okontrè, yo pa fè ak prezans nan enstitisyon piblik yo lè yo touche, yo senpleman prefere ale bay sèvis yo nan enstitisyon prive yo.

Kidonk, responsablite kraze peyia, pa kapab toujou retonbe sou do politisyen, men li genyen anpil pou wè avèk yon seri sektè ki kenbe sistèm edikasyon an nan gòjèt, paralize li e fè kòb avèk li san yo pa delivre sèvis anndan klas yo.

Anpil evidans ta montre, si pa male ansenyan pwotestatè sila yo ta jwen lèt nominasyon yo, fè priyè pa nonmen non yo. Yo pap parèt tèt yo nan sal klas yo ditou; se tankou yo genyen yon papye tenbre pou jistifye retrèt yo. Se yon peyi ki difisil!

Share:

Leave a reply