Gouvènman an pwan mezi pare kou, avan ogmantasyon pwi petwòl yo

192
0
Share:
TRiboLAND

Pòtopwens__(TRiboLAND) Anba lòd gwo tonton chèf nan direksyon jeneral direksyon Lapolis Nasyonal Dayiti, tout ajan inite espesyalize yo nan peyi-a jwenn konsinn pou yo antre nan baz yo ayè Mèkredi 18, Septanm nan. Tout bwas sa yo antre nan kàd  pou pwan yon pakèt mezi pare kou anvan enplemantasyon diplis sou tèt pwodwi petwolye ki deja ap bay gagann.

Responsab yo ki deja ap bay sinyal yon pwelud pou moute pwi gaz anndan peyi a, pa vle pwan chans yon fason pou pa kite dezònn latwoublay yo ki te fèt 6, 7, ak 8 Jwiyè 2018 yo repete apwè tantativ pou moute pwi petwòl anndan peyi-a.

Inite espesyalize yo ki ta sanble an pozisyon 2 nan baz yo nan Delma 2, ap pwepare pou kontrekare tout tantativ destabilizasyon kont yon evantyèl ogmansyon; yon sityasyon ke anpil sitwayen estime ke se deja yon ensitasyon a la vyolans bò kote gouvènman Jovenel Moise la pou ta menm panse ogmante mizè nasyon an.

Share:

Leave a reply