Anpil malad ak manm pèsonèl nan komin Jan Rabèl panike ak leve kouri apwè ke administratè lopital Notre de La Paix tonbe tire andan espas medikal la

2,185

10/02/2021

Jan Rabèl_____(TRiboLAND) Siyasyon panik ak leve kouri se sènn tèrè sa ke popilasyon komin Jan Rabèl la viv nan lopital Notre Dame de la Paix maten samdi 2 oktòb 2021 an. Selon sa ki rive nan sal redaksyon TRiboLAND, te toujou genyen yon tòchon ki tap bwile ant administratè lopital la, Ato e Dr. Canton ki se yon nouvo doktè ki deja jwen anpil admirasyon nan je popilasyon jeanrabelyèn nan ki te swàf yon sèvis sante ki djanm.

Konsa, avèk anpil etonnman, administratè a debake nan espas medikal la jodi samdi 2 oktòb 2021 an e tire yon pakèt kout zàm anlè e kreye panik “sauve qui peut” lakay vizitè, malad, ak pèsonèl medikal la ki tap tante leve kouri.

Fas ak yon parèy zak vagabondaj, plizyè vwa nan popilasyon an deja leve vwà yo pou voye yon pinga seren bay Dr. Tony ki se Alatèt depatman Sante Piblik nan Nòdwès ki ta sanble refize pran an konsiderasyon rekèt popilasyon an ki gen pou wè avèk yon seri mekontman ak maljerans bwàt medikal la nan nivo administrasyon.

Plizyè antite nan popilasyon estime ke se tolerans administratè a jwen ki fè li ka pèmèt li akouche yon seri konpòtman ki revòlte popilasyon an. Yo akize administratè Ato kòm iresponsab ki toujou pati ale Pòdpè ak kle chanm ki loje medikaman yo yon fason pou Dr. Canton pa genyen aksè pou pwokire popilasyon an medikaman. Ajoute ak sa, anpil medikaman arive ekspire, alòske moun afè pa bon nan komin Jan Rabèl ap mouri pou medikaman anba je Ato ki ta lèse moun konpwann ke lopital la se byen pèsonèl li.

Plizyè sitwàyen vanyan sèmante ke yo pare pou yo kanpe anfas Dr. Tony ak tout administratè a, ke yo konsidere ki pèdi bonnanj li. Yo pa sòti pou yo negosye deplasman yon doktè nan nivo Canton ki, nan sèlman 100 jou an fonksyon, li deja konstwi yon nouvo sal dijans e yon chanm oksijèn ak lajan lopital la, dapwè madanm Roro, yon janrabelyèn ki tap ekspwime foustrasyon fas ak yon parèy konpòtman chimè.

Comments are closed.