Lapolis Sidès Prezante Bilan operasyonèl pou mwa Jiyè 2025

330
0
Share:
TRiboLAND

Jakmèl, Ayiti ____(TRiboLAND) Direksyon Depatmantal Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) nan Sidès, atravè vwa Komisè Gary Victor, prezante bilan operasyonèl pou mwa jiyè 2025 la pandan yon konferans pou laprès ki fèt jodi jedi 7 dawout la.

Daprè Komisè Victor, Lapolis arete 124 moun nan divès komin nan depatman an, pami yo 110 gason ak 14 fanm. Arestasyon sa yo fèt pou plizyè ka enfraksyon, tankou: Vyòl: 15 ka (ladan yo, 10 sou minè), asosyasyon malfektè: 11 ka, vwa de fè senp: 8 ka, vwa de fè ak blesi: 9 ka, vòl bèt: 4 ka, tentativ asasina: 4 ka, deli evazyon: 2 ka

Anplis sa yo, lapolis anrejistre 3 ka swisid nan depatman an pandan mwa jiyè a, ki enkli: 1 pandezon, 1 ka nwayad ak 1 ka ak zam afe. Sou plan sekirite woutyè, 11 aksidan te anrejistre nan vil Jakmèl, ki lakoz 3 moun pèdi lavi yo e 9 lòt blese. Nan zòn Kay-Jakmèl, 3 lòt aksidan fèt, kote 1 moun mouri e 2 lòt blese.

Komisè Gary Victor fè konnen Lapolis kontinye mobilize pou mete plis sekirite nan depatman an, e li ankouraje popilasyon an kolabore ak otorite yo pou anpeche zak malonèt ak vyolans kont sitwayen yo. ‎

Share:

Leave a reply