Vòlè blanchi vòlè! Tout ansyen pwemye minis, minis, direktè jeneral, kontàb e sal oubyen pwòp jwen “benediksyon dechaj” gouvènman gang Jovenel Moise la

542

07/05/2021

Pou devye atansyon popilasyon an sou masak Delma 32 a, gouvènman defakto Jovenel Moise la antre yon nouvo chapit nan enplemantasyon sistèm diktatè a. Yon parèy apwòch montre non sèlman se vòlè kap blanchi vòlè, men li montre egalman ki sa ki yon “chèf deta” nan peyi lakay.

Pwensip pou kidnapè ak vòlè blanchi tout lòt kidnapè ak vòlè parèy yo, li maniganse jodi dimanch 4 jwiyè a nan yon lòbèy abityèl ki rele konsèy dè minis, kote ke gouvènman vwayou Jovenel Moise Enkilpe a, deside lave blan kon lanèj tout ansyen awousa dwàt long siperyè ak kòriptè imoral ki responsab mizè nwà popilasyon anyisyèn nan jounen jodi a.

Yon parèy desizyon ki pa genyen oken pwovizyon legal, pa chita sou anyen; sitou lè li pote sinyati yon chèf gang enkilpe vwayou, ki san manda e ki genyen men li tranpe nan krim sanginè ak finansyè.  Dechaj inilateral pou tout ansyen pwemye minis, minis, ak kontàb, vòlè ou kriminèl ki dechalbore sakèt leta e ki kraze tout enstitisyon yo plat depi 1991 pou rive 2017, sa pa dwe etone pèsòn moun; paske vòlè blanchi vòlè, sitou ak patisipasyon sa yo ki disparèt “Fon Petwo Karibe” a.

Sepandan, byen pwe pa lakay! Se sèl enbesil sèlman ki ta asèpte batèm dechaj la nan men yon egzekitif ki ta sanble li mantalman dezekilibwe e ki ap fonksyone andeyò Lalwà. Nou pap etone wè pwochen etap la se petèt mete yon seremoni gradyasyon sou pye pou onore tout kòriptè ou gang vwayou PHTK ak yon diplòm “Doktora”, pwiske pati a reyèlman manifeste yon panchan pou “fo doktè”!

Yon lòt senaryo derapaj ki pap etone pèsòn, ka genyen pou wè ak idyosi pouvwa Jovenel Moise la, pou mande entènasyonal la voye yon gwoup sitwayen lakay vin vote nan referandanm-eleksyon je chèch ak pike kole ki an malmakak la!

Sa vle di! Avèk yon swa dizan pwezidan ki montre yon posti dezekilib mantal ou yon manyàk, anpil bagay sal ak kè plen posib jounen jodi a anndan peyi Dayiti ki deja kite etap somalizasyon an dèyè nèt!

Wi se vre genyen yon pouvwa lejislatif ki te manke fè travay li pou delivre dechaj; sepandan sou nenpòt ki fòm yon lòt pouvwa pa kapab jwe wòl yon komisyon bi-kameral. Si se sa, li ta twò fasil! Sa vle di, a nenpòt moman egzekitif la kapab deside al lage yon moun pa li ki dèyè bawo!

Dechaj pou yon seri residivis gen pwiyorite sou pwoblèm endistri gang, kidnapping ak kòripsyon gouvènman an etabli anndan peyi a? E ki sa ki fèt ak atik 150 konstitisyon peyi a?

Wilner Pierre-Saint

Sitwayen angaje, Ba Nòwès

 

Comments are closed.