Nòt pou kliyan EDH nan vil Pòdpè

248

10\01\20

Pòdpè_____(TRiboLAND) Nan yon nòt ke li fè sòti, Dirèksyon Sant Komèsyàl Elektrisite Dayiti nan vil Pòdpè ap mete popilasyon Kapwa Lamò okouran kèk ti modifikasyon, sitou kliyan ED’H yo, nan kad solisyon Dirèksyon Jeneral la ap pote pou jere ak delivre plis kouran.

Vi, sitiyasyon santral la ak yon sèl motè ki mande bonjan krese sere;

Vi, nou dwe pwoteje sèl grenn motè sa pou evite pita pi tris an atandan reparasyon lòt la epwi tann finalite Santral tou nèf la;

Vi, fòk ou jwenn 18 èd tan kouran chak jou;

Nou deside ansanm ak Delegasyon ak Lameri Pòdpè a pou nou repati distribisyon kouran an konsa: 8h AM rive 4h PM; 6h PM rive 4h AM.

Mèsi davans pou bon konpwann ou!

PA BLIYE, PEYE KOURAN AK JWENN KOURAN SE MARASA. PASE PEYE POU SAW JWENN.

Dirèksyon an

Comments are closed.