Yon estatu jeneral de Gaulle badichonen ak pentu nan Hautmont nan Nò Lafwans

255

Hautmont___(TRiboLAND) Yon estate ki plase nan mitan vil Hautmont tou pwè Maubeuge, nan peyi Lafwans, vandalize dimanch apwè midi. Yo badichonnen tèt bust jeneral de Gaulle la avèk yon pentu floresan oranj e yo ekri dèyè pedestal la “Esklavajis” egalman an koulè oranj.

Selon “La Voix du Nord,” nan menm sware a yo jwenn menm enskripsyon an akote plak Ri Victor-Hugo a. Zak vandalism sa yo tap fèt nan moman alokusyon pwezidan repiblik la, Emmanuel Macron, ki tap ensiste ke Lafwans “pap deboulonnen oken estatu”.

Deklarasyon chèf deta a fè referans ak sitiyasyon kap sekwe peyi Etazini apwè asasinay George Floyd, kote ke plizyè estatu yon seri pèsonalite ki trè kontwovèse, tankou Christophe Colomb ap deboulonnen ou vandalize.

Konsa, genyen yon plent fòmèl ki te depoze jodi maten lendi 15 jwen 2020 an nan vil Hautmont e responsab lokal yo te arive retire pentu a ki te sou estatu a.

Comments are closed.