Anbasadè Inyon Ewopeyènn lan ki te depasaj nan vil Jeremi, plede anfavè otonominizasyon meri yo.

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Daprè anbasadè Inyon Ewopeyènn lan, Gâteau Esthephano ki te depasaj nan vil Jeremi, ankouraje otorite yo, nan nivo minisipalite yo, kreye tout bon vrè otonominizasyon ekonomik meri yo, yon fason pou fè devlopman dirab nan komin yo.
Diplomat lan, fè apwòch sila a, parapò ak zak koripsyon kap grangrenen administrasyon meri yo, non sèlman kap ranmase resèt (taks) nan men kontribyab yo, men ki pa jamè finanse okenn pwojè devlopman serye nan kominote yo.
Anbasadè Gâteau Esthephano pwan kòm ekzanp, nan plen 21yèm syèk sila, se kominote entènasyonal lan, atravè Inyon Ewopeyènn ki bay kòb pou konstri mache piblik pou vil Jeremi a.
Mesye Gâteau Esthephano, fini pou l di, li pa lojik pou leta ayisyen kontantante-l ap pran tout resèt li yo pou fonksyonman tèt li sèlman, san ke yo pa panse envesti nan enfwastrikti ki kapab devlope peyi a e menm vil Jeremi.






