Otorite yo nan Grandans fèmen klinik yon fo doktè ki pote non Saint Juste Riclin.

828


05 – 08 – 2024

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon operasyon konjwent Direktè depatmantal sanitè Grandans lan Angello Duvelson fè ak konplisite majistra komin Jeremi an Sylmatha Pierre, jij depè Jeremi an, Jean David Simon, sou plent kèk pasyan viktim, yo arive fèmen pòt klinik yon fo doktè ki pote non Saint Juste Riclin.

Fo doktè sila, ki te sispèk prezans otorite sa yo, nan zonn kote kay ki loje klinik lan, te gentan chape poul li. Konsa, lajistis te sezi tout dokiman ekri ak poze sele sou espas ke fo doktè sila genyen abitid resevwa moun.

Anpil manm popilasyon an, ki viktim aksyon malonèt fo doktè sa a, ki se Saint Juste Riclin, ki fè tèt li pase kòm jinekològ, gentan manyen e fè jwèt iyan iyan ak anpil fanm ki ta sanble deja pote plent nan Sante Piblik ak Lajistis pou li.

Viktim pleyan yo swete otorite konsène yo, asime responsablite yo, pou rann popilasyon an jistis li merite.

Comments are closed.