Sektè Sante a nan Nòdwès, chofe beton e denonse arestasyon Dr Archélus Isaac ak Nerline Joachim, nan kad dosye dwòg Latóti a.

590
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Medsen, Enfimyè, Tipèsonèl Sante, Etidyan inivèsite, ki te soti toupatou, te pran lari a jounen mèkredi 23 jiyè 2025 lan, pou pwoteste kont arestasyon Dr Archélus Isaac, yon òtopedis ak Nerline Joachim, yon anestezis.

Manifestasyon pasifik sila a, ki te demare devan Lopital Imaklie Konsepsyon Pòdepè a, te al bout devan Pakè a pou mande komisè gouvènman an, Me Jéïr Pierre, eksplikasyon sou arestasyon mesyedam yo.

Pòtpawól medsen yo, ki se chaje misyon nan direksyon depatmantal Sante Piblik, onivo rejyon Nòdwès la, Dr St- Phar Gulnès, nan entèvansyon l, deklare e n ap site ” se konplo Leta peyi nou fè pou fini ak zafè sante a nan Nòdwès ki te deja pa tap fè yon pakita, yon panago pwiske selon Dr Gulnès, Nòdwès gen 2 grenn òtopedis, pami yo Dr Archélus Isaac, 2 grenn anestezis ki se Nerline Joachim, enfimyè.

Entènis lan, Dr St- Phar rabat pou di ” Yo pa’t manje pwa, yo pa gen pou bay lapire. Otorite yo konnen byen sa yo fè a, paske nakotrafikan yo te mennen, nan Sal dijans Imaklie Konsepsyon Pòdepè a, te prèske mouri lè li te rive lopital la.

Pou Dr St- Phar Gulnès, Leta vyole dwa yo. Yo bay 24 èdtan pou liberasyon Dr Archélus Isaac ak tout Nerlin Joachim, sinon pòt lopital yo ak tout sant sante nan depatman ap fèmen jiskaske yo jwenn liberasyon konsène yo.

N’ap fè remake, se yon manifestasyon ki fini san okenn ensidan, sou wot pwoteksyon PNH. Oganizatè yo mande pou sektè sante a tann modòd paske selon sa yo di: ” Lakwa pa gen dwa rantre lakay yo. Yo pa t manje pwa, yo pap bay lapire”.

Share:

Leave a reply