Pandan lajan ap gagote nan FNE, gen kote se lesyèl pa do timoun yo ap moute pou aprann

802

04 -10 – 2024

Mafran, Ayiti___(TRiboLAND) Pandan nèg nan Leta ap gagote Fon Nasyonal Edikasyon an, timoun nan lekòl Nasyonal Mafran ki trouve-l nan depatman Grandans ap aprann nan yon sitiyasyon dlo nan je.

Yon kay klis, kouvri ak yon prela se nan espas sa timoun yo ap pran moso pen lenstriksyon. Yon sitiyasyon ki leve plim sou do moun Mafran aprè yo fin tande eskandal lajan kap gagote, kote Direktè Jeneral la ap touche anviwon 600 000 Goud san konte frè yo.

Edikasyon pa vle di anyen pou richyen, politichyen ou dirijan sangwen nan peyi Dayiti ki merite egzekite sou plas piblik; se yon kesyon brase lajan sou mizè pèp la.

Comments are closed.