Gang nan Lyankou imilye kò polisye sou rezo sosyal yo anba je mepri dirijan sanvègòyn yo

498
0
Share:
TRiboLAND

Lyankou, Ayiti _____(TRiboLAND) Plizyè videyo ki vin viral sou rezo sosyal yo montre sèn douloure kote nèg ak gwo zam ap selebre pandan yap trennen kon ranyon kò polisye ki toujou gen inifòm sou yo. Sèn sa yo ki anpil fwa pa intèpele konsyan dirijan politik sansal ayisyen yo, kontinye mete peyi a sou mod chòk, epi soulve gwo kòlè nan mitan popilasyon an.

Daprè enfòmasyon preliminè yo, polisye sa yo te tonbe nan yon zatrap gang ame ke yo te tann pou yo. Malgre apèl detrès ou pote sekou yo, polisye yo pase plizyè èdtan san ranfò ki pat rive sou plas.

Kèk nan polisye yo te mouri anba atak mòtèl bandi teworis yo; lòt nan yo te disparèt jiskaprezan pèsonn pa konnen kote yo ye. Sitiyasyon sa soulve anpil kesyon sou kapasite repons rapid polis la, ak sou nivo kowòdinasyon ki genyen ant diferan antite otoritè sekiritè yo.

Antouka, bon travay KPT ak tout Didier Fils-Aimé e Normil Rameau, ki chwazi livre yon nyèm tèritwa ankò bay alye yo teworis yo, “Viv Ansanm”! Aprè Machan Desalenn, Lestè, Ti Rivyè Latibonit, Lachapèl, koulya dènye likidasyon an fèt avèk Lyankou. Se sa ki rive, lè moun ki pa moun ap dirije moun!

Share:

Leave a reply