Claude Joseph voye jete tout demach Luis Abinader nan kriz ayisyèn nan.

137

09-16-2022

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Claude Joseph voye jete nan yon kwen tout demach pike kole prezidan dominiken an, Luis Abinader sou kriz kap bwàse bil peyi Dayiti a.

Ansyen Minis Afè Lòt bò Dlo peyi Dayiti a, estime ke prezidan peyi panyòl kap trese lèl nan dosye a, pa arive metrize yon bon konpreansyon kriz la. li kalifye Abinader de yon opòtunis.

“Mwen dezaprouve demach Abinader yo kòm fasadè kap profite absans ak vulnerabilite aktyèl Premye Minis lan, yon fason pou avanse pròp ajanda li. Claude rabat pou li pase pran chèf deta dominiken an, lè li afime ke Abinader pat janm kapab konpòte li kòm pòtpawòl peyi Dayiti oubyen prezidan tout zile an antye sitou lè li tap okipe fonksyon Premye Minis oubyen Minis Afè Lòt Bò Dlo pou peyi Dayiti.

Antouka, Claude Joseph pa sispan rekadre prezidan Luis Abinader chak fwà lap eseye antre san onè, san ti mouchwa nan sa ki gen pou wè avèk tè Jan Jack Desalin lan ki rele tout ayisyen chèmèt chèmètrès.

Comments are closed.