Kabinè enstriksyon nan jiridiksyon Gonayiv la mande pou ansyen Senatè Youri Latortue.

870

01-16-24

Gonayiv, Ayiti__(TRiboLAND) Lajistis nan peyi Dayiti mande ak ansyen Senatè depatman Latibonit lan, Youri Latortue, pou li konparèt tèt li yon lòt fwa ankò, devan kabinè denstriksyon.

Majistra enstriktè Louima Louidor kap enstwi dosye patizan ansyen majonjò Sena a fè konnen, lap tann ansyen palmantè a nan dat kap vandredi 19 janvye 2024 la, pou vin founi ransènyeman nan kad dosye sila.

Li enpòtan pou konnen, jij la ap tann ansyen Senatè Youri Latortue pou li vin founi esplikasyon nan kad dosye 2 patizan li yo, Aboulò ak Daddy, ki enplike ragagann nan plizyè zak asasinay ak ensandi, prensipalman kòm moun ki te boule Palè jistis Gonayiv la.

Comments are closed.