Dimanch 27 jiyè 2025 : yon konkou rezève pou sila yo ki vle pran fomasyon akademik polis.

Nòdwès, Ayiti_____(TRiboLAND) Atravè yon nòt direksyon depatmantal lapolis Nòdwès la mete deyò jounen vandredi 18 jiyè 2025 lan, ki pote siyati dirèkte depatmantal Polis Nòdwès la, Komisè Divizyonè Clevens Cétoute, fè mansyon tout postilan ki te enskri pou fomasyon akademik lapolis la.
Konsèene yo ap genyen pou sibi egzamen entèlektwèl yo kap dewoule jou kap dimanch 27 jiyè 2025 lan; depi bò 7h nan maten, anndan Lycée Tertullien Guibeaud ki twouve l nan vil Pòdpè. Se yon egzamen k ap dewoule, selon yon sou sipèvizyon Enspeksyon Jeneral PNH la.
Nap raple, selon reponsab yo, se yon egzamen ki gen ladan’l 2 etap : yon etap entelektwèl ak yon etap medikal pou sila yo ki reyisi eprèv la. Depi koulya, TRiboLAND swete tout postilan yo Bòn Chans!






