Direktè jeneral (OAVCT) a, Pierre Raymond André vizite biwo rejyonal Grandans lan.

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan objektif pou ranfòse kapasite sèvis biwo rejyonal (OAVCT) nan Jeremi , direktè jeneral la, Pierre Raymond André ki te akonpayne divès kad biwo Santwal, realize yon vizit nan biwo Jeremi an kap desèvi tout depatman Grandans lan, nan kesyon plak ak asirans machinn ak motosiklèt.
Direktè jeneral la, pwomèt pou pou bay Jeremi materyèl lojistik kap pemèt plis lajan antre nan kès leta, kat san mil viyèt ak fich espètiz pwal disponib pou satisfè demand kliyantèl la.
Konsènan revandikasyon anplwaye yo, direktè jeneral lan, bay garanti ke li pwal rezoud kesyon ajisteman salè pèsonèl yo, kat la pwal ògmante, frè pou manje ansanm ak revandikasyon yo te fè objè deba yo; konsa, garanti bay preske 100%. Kidonk, selon direktè jeneral la, fòk anplwaye pwovens yo kenbe pèfòmans lan djanm, sitou avèk pwoblèm ensekirite jeneralize a ki rann zonn metwopolitèn lan pa rantre kòb.






