Doktè Dady Montinord se nouvo direktè medikal lopital referans Sentantwann lan nan Jeremi.

12/02/2025
Jeremi-, Ayiti______(TRiboLAND) Doktè Dady Montinord, se nouvo direktè medikal lopital referans depatmantal Sentantwann lan nan Jeremi. Li se egalman ansyen direktê depatmantal ministè sante piblik pou rejyon Grandans lan, sou Prezidans René Garcia Preval ak Prezidans Michel Joseph Martely.
Konsa, Dr. Montinord ranplase nan pòs sila, Dr Georges Joassaint, ki transfere a tit konseye teknik pou direksyon sanitè Grandans lan.
Nan non minis sante piblik lan, Dr Sinal Bertrand, se direktè depatmantal ministè a nan Grandans, Pierre Boutròce Gally, ki te pwosede ak enstalasyon nouvo direktè medikal lan, ki pwomèt chanjman ak rezilta pou popilasyon an ki nan gwo nesesite laswenyaj.






