Aprè 10 lane kòripsyon, salte ak enkonpetans : Pòdpè kontinye ap egzije dechoukaj katèl enterimè initil la

Sa fè yon bon bout tan depi plizyè pouvwa egzekitif pa fè eleksyon, men yo ranplase katèl majistra eli yo pa 3 ajan enterimè. Sa popilasyon ap mande pou Pòdepè.
Malerezman, tout demann yo rive aprè sitwayen yo konstate ke Mèri Pòdepè pa ranpli okenn nan misyon la lwa ba li, sa ki rann tout vil la preske paralize.
Malgre depi plis pase kat (4) lane, sitwayen yo ap mande depa Katèl entèrimè ki la a, men okenn desizyon pa janm pran nan pi wo nivo Leta a. Nan sans sa a, nou ankouraje tout sektè pote sipò yo pou dechouke moun sa yo.
Nou mande pou popilasyon ta antame yon mouvman konsa: pandan de (2) semèn, popilasyon an dwe chwazi pa al nan Direksyon Depatmantal-DGI nan Nòdwès, refize peye taks ak sispann fè depo nan bank yo, Konsèy Prezidansyèl Transisyon (KPT) ap oblije pran dispozisyon legal ki nesesè pou retire Katèl ki nan tèt Mèri a.
Sou okenn pretèks KPT a pa dwe garanti egzistans yon katèl enterimè ki vyole dwa fondamantal sitwayen yo.
Nan sans sa a, Antreprenè yo ki nan vil la dwe premye gwoup ki dwe kanpe bò kote pèp la nan batay sa a, sitou si vrèman labou ak fatra bloke pwogrè ekonomik yo. Tout sitwayen konsekan dwe reflechi sou estrateji pou deboulonnen moun sa yo.
Nou mande tout pati politik ki nan depatman an, tout òganizasyon de baz, ansanm ak tout inivèsite yo, pou yo pibliye nòt ofisyèl oubyen nòt konjwent pou pran pozisyon sou sitiyasyon malouk sitwayen yo ap travèse Pòdepè. San sa, vil la ap efondre. Nou p ap sispann inonde. Fatra p ap sispann moute bwa pou al gade dlo k ap pase.
Daprè temwanyaj sitwayen yo, anpil moun gen volonte pou kontribye nan netwayaj ak amelyorasyon vil la. Men yo refize kolabore ak Katèl entèrimè ki la, paske depi 10 lane yo enstale epi pran fonksyon, yo pa fè lòt bagay pase simaye enkonfyans. Fè diskou pwopagandis, ranmase lajan epi depanse lajan nan sans envès.
Bilan yo ? Labou, fatra k ap anvayi lari yo, ak kannal ki pa janm netwaye. Pa gen okenn inisyativ serye ki janm reyisi, paske pa gen vizyon klè ni plan devlopman defini.
Aprè 10 lane, Mesyedam ki nan tèt meri pa rive reyalize yon sèl pwojè solid. Li tounen sèlman yon enstitisyon k ap ranmase epi gaspiye lajan san okenn rezilta pou kominote a. Nou di non…Fòk gen moun ki konprann fonksyon piblik la, moun ki gen konpetans nan zafè kolektivite tèritoryal pou pran bak mèri a.
Apre 10 lane echèk total, li klè Katèl entèrimè ki la a pa gen kapasite pou dirije Pòdepè. Vil la bezwen yon nouvo kòmansman, yon nouvo katèl ak yon gwoup moun ki gen vizyon, onètete ak kapasite pou sèvi.
Se sèlman nan inite nou kapab dechouke Katèl sa a paske l se yon koulwa dezòd ki fasilite koripsyon ak enpinite.
Ralph Joram ELIAMEAU, Mèt nan Dwa Piblik ak Syans Politik






