Boden : Selebrasyon an gran panpan Fèt Notre Dame du Perpétuel Secours.

Boden, Ayiti_____(TRiboLAND) Fidèl katolik Pawas Boden, 1e seksyon kominal vil Pòdpè, depatman Nòdwès peyia, dyosèz Pòdpè, selebre Sen patwòn yo, Notre Dame du Perpétuel Secours, jounen samdi 28 jen 2025 lan. Nan okazyon an,yon mès, pou di Granmèt la mèsi, te rive chante anndan Pawas Boden an, anprezans yon latriye otorite lokal, notab, pèleren, relijyèz e relijye, pou n site sa yo sèlman.
.
Prensipal selebran an, Evèk Pòdpè a, Mgr Charles Peters Barthélus, nan omeli sikonstans lan, deklare: Se konvèsyon chak grenn ayisyen ki pou chanje peyi Dayiti; ki donk, selon lidè eklezyastik Nòdwès la, delivrans peyi Dayiti depann de nou menm pèp Dayiti.
Evèk la kontinye pou di : pou yon bonjan konvèsyon, fòk nou gen kouraj kouri chalbari nan dègonn tout vye pratik sa yo tankou : fè lòt mechanste, bay moun kout poud, rayi moun pou sa’l posede, touye moun pou plezi bontan… Tout vye pratik sa yo , si’n pa gen kouraj pou’n mete yo sou kote, pou yon bonjan konvèsyon, Ayiti p ap fè yon pa Kita yon pa Nago.
Prensipal selebran an, Mgr Charles Peters Barthélus, fini pou pou di: jounen samdi 28 jen 2025 lan, se yon jounen espesyal non sèlman pou pawas la k’ap fete Notre Dame du Perpétuel Secours, men pou tout peyi Dayiti paske Notre Dame du Perpétuel Secours, se patwòn, Manman Pèp ayisyen an.






