Chèf gang teworis yo ki nan tèt “Viv Ansanm” debake an chango sou Bèlè pou distribye lajan nan okazyon Fèt Pèpetyèl Sekou

Pòyopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan mitan yon kolònn gason batayè ki ame jous nan dan, alatèt group teworis yo, Jimmy Cherisier alyas Barbecue, debake sou Bèlè e pwosede ak distribisyon biyè lajan bay tout kalite moun ki te alinye pou resevwa biyè, nan okazyon fèt Nòtredam Pèpetyèl Sekou.
Aksyon sila ke anpil moun entèprete kòm yon sik amè, ta dwe entèpele dirijan sansal ki kite kriminèl ap fè sosyal pou yo ak lajan chango ou kidnapping.
Genyen moun ki ta vle fè kwè, ke se yon defi, chèf teworis la lanse bay nèf ensinifyan kòwonpi kap gagote nan tèt peyi a. Yon parèy monstrasyon fòs bò kote gang teworis yo, klèman montre bluff dirijan gang akravat yo ki toujou pretann ke yo ap chèche tankou chyen fou.
Nap raple, avèk gouvènman-KPT sangwen sila ke anpil moun akize kòm pwotektè gang teworis, sikile san tèt chaje. Sa pa genyen lontan depi ke chèf gang kriminèl “Jeff Kanaran” te debake nan Mibalè epwi jous Lachapèl, pou al vizite group teworis li yo ki okipe lokalite a kòm tèritwa pèdi. Kèk sous ta vle fè kwè ke Jeff, te jwen kouvèti ak asistans machinn lapolis pou yon parèy awogans.






