Matisan : Bandi sangwen eklate sèvèl 4 pasajè e blese gravman grav yon latriye lòt

2,286

12/27/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Bandi sangwen yo pa sispan mete dlo nan je popilasyon ayisyen nan nan mare sosis yo ak konplisite otorite krizokal ki lage lisans pou egzekite sitwàyen 2 bwà balanse.

Bandi sangwen yon lòt fwa ankò komèt yon lòt dràm “santi kri” pou yon yèm fwà lè yo deside tire sou 2 mini-otobis nan Matisan ki tap soti nan kapital la pou direksyon komin Kafou. Konsa, nan 2 ou 3 segonn se yon veritab kanaj; 4 pèzib pasajè sitwàyen (3 gason e yon fanm) arive mouri anba bal nan tèt e yon latriye lòt mouri blese gravman grav, dapwè konsta jij supleyan komin Kafou a, Frantz Morantis.

Ankò yon lòt fwà ankò, nan mwens wyi jou, san sal ak vwàyou nan antre sid kapital la mete dlo nan je popilasyon an anba je yon gouvènman ki konplis ak demoli peyi a pak an pak ak bandi.

Comments are closed.