18e edisyon je Olenmpik Collège Notre Dame De Lourdes yo demare an gran panpan

Pòdpè, Ayiti_____TRiboLAND) Se sou tèm “Anviwònman m, sekirite m, e lavi m”, dirjian CNDL yo demare ak 18è edisyon Je Olenmpik yo, ane sa a nan lakou Collège Notre Dame De Lourdes (Kay Pè a), sòti vandredi 31 me 2025 lan pou al bout dimanch 01 jen 2025.
Premye jounen aktivite yo te demare bò 2è nan Eveche Pòdpé a anba benediksyon Klèje dyosèz la, Mgr Charles Peters Barthélus. Aprè benediksyon an, responsab yo, pwofesè, elèv, paran, e ansyen elèv te pakouri plizyè ri nan vil Pòdpè a, akonpanye fanfa, DJ ki t ap mete bonjan animasyon avan pou yo rann yo nan lokal abitwèl yo, CNDL.
18è edisyon an, selon òganizatè yo, popilasyon an ap gen chans asiste: kous apye, foutbòl, volebòl, baskètbòl, kous asak, kous alèf.., pou n site sa yo sèlman. Toujou selon òganizatè yo, paran yo nan Collège Notre Dame de Lourdes, toujou aplodi aktivite kiltirèl sa yo, paske apre jwèt la, tout gwoup elèv ki ranpòte laviktwa nan seri aktivite nou sot site la yo ,pral resevwa gwo bout tonton rekonpans.
Li enpòtan pou n raple, Collège Notre Dame De Lourdes nan vil Pòdpè, se youn nan Enstitisyon Katolik la, nan Nódwès, ki pi granmoun, li pa la sèlman pou fòme timoun yo sou plan espirityèl, entèlèktyèl, moral, e fizik.






