Pouki sa Sen Yve se patwon Avoka yo?

0 325

(TRIBOLAND)__Se yon kesyon ki trè fasil pou anpil moun ki reyèlman konnen ki moun ki te Yves Hélory, yon èt imen ki te dote yon kalite extraòdinè, pou trete e defann moun ki te pi pòv yo ozanviron XIIIèm syèk nan Bwetann. Konsa, kòm patwon majistra yo, jiris yo, pwofesè dwa yo… li difisil pou youn nan moun sa yo pa ta konnen ki moun gwo potorik gason sa te ye, e ki gid ak bon egzanp ke li te kite nan pataje byen li ak defann sa yo ki te demini.

Fete Sen Yve jounnen jodi-a ta dwe yon expwesyon retwospektiv sou kondwit Yves Hélory te konn afiche ant li menm ak lòt moun ki te nan antouraj li, patikilyèman òfelen ak pòv ki pat kapab jwenn jistis. Jodi-a, li pa yon mistè pou pèsonn ke zak patwon an pa ditou sanble ak zak ouvwiyé yo ap poze. Sa ta vle di, eske anpil majistra jounen jodi-a kapab pwan chans pou ta menm pale de Sen Yve alevwa fete-l? Sa fè nou sonje, lòske yo te nome Yves Hélory kòm pwèt nan Tréguier, kote li te pwan nesans, yo te oblije ba li yon cheval pou-l fè wout la. Pou lamou pwochen-li, pwèt Yve te oblije vann cheval la e distribye lajan an bay moun pòv yo kite reyèlman nan bezwen. Konsa, li te oblije pwan wout la sou pye-l. Jij eklezyastik dyosès Renn nan, te respekte diyite imènn anpil. Li te transfòme lakay li kòm yon espas ki chaje avèk pòv e fè ansòt kesyon jistis pou moun sa yo tounen yon reyalite.

Pwèt Yve te assume fonksyon li nan yon espwi rekonsilyasyon ak jistis. Li te toujou fè tèt li pase kòm konseye jiridik oubyen avoka defansè òfelen ak moun afè pa bon yo. Jij entèg, avoka tout vèv, yon modèl pastè e yon pwedikatè ki pa jamè fatigé, te toujou vle fè sa ki dwàt nan vi li. Antouka, bon pa janm dire! Kidonk, 19 Me 1303 Yve te kite tè sa. Apwè lanmò li, tonbo li ki te plase nan basilik katedral Tréquier ta pwal transfòme kòm yon sant pelerinaj kote ke plis pase san mil fidèl nan tout bout kwen la tè tap vizite.

Chef de Saint Yves

Jij e pwèt Yve kanonize yon 19 Me 1347 anba dirèktiv Pap Clément VI. Depi plis pase 600 lane, li kite dèyè yon memwa ki yon sous benediksyon pou yon pakèt moun ki pa ka jwenn jistis. Konpare zak Sen Yves yo avèk zak kèk avoka grenn senk ki rate pwofesyon oubyen jij raketè san kè nan men kap demonte jistis, nap kapab klèman konpwann se jounen ak lanwit oubyen se Bondye ak Satan.

Leave A Reply