Fondasyon TRiboLAND/SPEH : atelye art floral pou timoun nan okazyon “Fèt Manman yo”

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan objektif pou aprann ti chovi yo apresye manman yo, TRiboLAND nan konplisite avèk asossyasyon “Solidarité Pour les Enfants d’Haiti” te òganize yè samdi 24 me 2025 lan, yon atelye travay sou art floral nan Kolèj Notre Dame de Lourde la, nan lokalite Mòn Opè, vil Pòdpè.
Aktivite sila ki te reyini plis pase yon karant ti moun, antre nan kad kolaborasyon ak medya anlyin TRiboLAND.com, nan objektif pou sipòte òganizasyon “Solidarité Pour les Enfants d’Haiti”, ki pa sispann pwokire plis pase yon santèn timoun laswenyaj nutritif atravè yon program kantinn byen estriktire. Profesè Hérard Louis, yon natif natal vil Pòdpè, men, kap viv nan peyi Laswis, pa janm sispann kòm alatèt antreprann yon seri demach ki toujou kore epanouyisman yon parèy projè.
Antouka, nan okazyon “Fèt Manman yo”, ekip TRiboLAND, pou seksyon dekorasyon ak art floral la, te sou plas jounen samdi 24 me 2025 lan. Konsa, patisipan yo te aprann kreye pròp boukè flè yo, apati yon seri prosesis sistematik manyèl ki pi devan fasilite yon asanblaj byen chapante. Sesyon yo te kòmanse apati 10è pou rive 1è nan aprèmidi. Kontantman ak fyète, pat sispan mete an evidans apresyasyon chovi yo, ki pat kache fyète yo fas ak kreyativite yo nan akonplisman yon èv ki eksprime admirasyon yo anvè manman cheri yo.
Bravo pou ekip TRiboLAND ak “Solidarité Pour les Enfants d’Haiti” yo, ki te promote yon parèy kòdinasyon, e ki te fasilite yon prosesis aprantisaj ki djanm nan okazyon “Fèt Manman yo”!
Nap raple, sèvis katinn SPEH, ap pran anpil ekstansyon; chak jou ki jou, prezidan òganizasyon an, ap resevra yon latriye timoun, alòske apèl nan diferan katye nan vil Pòdpè, pa sispann reklame elajisman program nan ki limite an resous. Antouka, jwèt pou tout bon patriyòt ki kwè nan sipòte nan yon koz ki nòb, espesyàlman nan domèn ensifizans alimantè!






