Rosnick Grant tonbe anba sanksyon FIFA pou menas abu seksyèl ak zak drivayèz sou abit fanm yo nan peyi Dayiti

725

07/24/2021

Kwa Dèboukè_______(TRiboLAND) Apwè konkluzyon ankèt komisyon Etik endepandant FIFA a sou ansyen kòwodonatè nasyonal alatèt abit Federasyon Ayisyèn Foutbòl la, Rosnick Grant sanksyone pou zàk : atak ak abu seksyèl ki depaman ak Kod etik FIFA a.

Chanm jijman FIFA a, nan jounen 22 jwiyè 2021 an, repwoche Grant dèske li abuze pouvwà ke li te genyen ant lane 2011 e 2021 pou fè menas seksyèl sou fanm abit yo nan peyi Ayiti. Kòwodonatè a te pwofite ap elaji kàd otorite li kòm abit pou jwèt filalang ou echanj seksyèl, dapwè FIFA ki tap depoze.

Grant, ki tonbe anba sanksyon selon atik 23, 25 e 78 Kod etik FIFA a, sanksyone pou lavi nan tout aktivite ki makonnen ak foutbòl ni nan nivo nasyonal ak entènasyonal. Ajoute ak sa, abit la ap genyen pou peye yon amand 100 000 (fran swis), dapwè enstitisyon regilatris la.

Tèm desizyon FIFA yo te soumèt yè vandredi bay Rosnick Grant selon jan sa rekòmande nan atik 78 paragràf 2 nan Kod etik FIFA a.

Comments are closed.