Gang “Kraze Barye” fòse popilasyon Pènye a kouri kite lakay yo sou tèt.

955

01-31-2024

Pènye, Ayiti__(TRiboLAND) Popilasyon an nan lokalite Pènye pa konn ki sen pou rele akòz gang Vitelhomme Innocent an, ki se gang “Kraze Baryè” ap fòse popilasyon an kite lakay yo pou pran refij san destinasyon.

Enfòmasyon ki rive jwenn sal redaksyon nouvèl TRiboLAND fè kwè, depiw fin kite zòn Akademi Pènye tout lòt zòn anlè yo blanch akòz bandi sangwen ak zèl sapat yo deja akapare tout zòn nan.

Malgre bri lanmò chèf gang lan ap klèwonnen depi plizyè sèmen nan kapital la, sa pa anpeche gang sila kontinye ap miltipliye tèritwa yo lanwit kòm la jounen.

Comments are closed.