Jean Rabèl : Manifestasyon kont doktè Métélus Héribert ke yo akize ki nan konfyolo ak politisyen krizokal pou transfere doktè Canton Wilsosse kap byen pase nan kanton an

442
0
Share:
TRiboLAND

Janrabèl, Ayiti_____(TriboLAND) Popilasyon Janrabèl, depatman Nòdwes peyi a, leve kanpe jounen mèkredi 21 me 2025 sila, pou manifeste anfavè direktè lopital Nòtre Dame La Paix a nan Janrabè, Dr Canton Wilsosse.

Protestasyon sila yo ki te sible move konpòtman doktè Métélus Héribert ke yo akize ki nan kòday ak politisyen vye rat dokale nan Nòdwès pou pou fasilite transfè doktè Canton Wilosse, malgre nivo kalite sèvis ke l’ap delivre nan lopital la.

Pwotestatè yo, ki te genyen yon latriye pankat avèk slogan piman bouk, te vrèman ankólè; yo te kontinye pou di “yo pa gen pwoblèm ak transfè Dr Canton Wilsosse, men se fason nèg politisyen yo ak direktè Héribert Metélus mare sosis yo pou itilize pou imilye Dr Canton ki sakrifye tout tan l pou rann lopital la operasyonèl 24 / 24.

Manifestan yo rapouswiv pou di, genyen divès sèvis lopital la pat genyen tankou : Radiografi, Sal Dijans, Laboratwa oksijèn …, tout seksyon sila yo arive materyalize gras ak demach Dr Canton. Nap raple, manifestasyon an ki te jwen asistans fòs lòd yon nan komin Jan Rabèl, te fini san ankenn ensidan.

Pwotestatè yo kase randevou lòt semèn pandan yo voye yon sinyal klè bay minis Sante Piblik la, Dr Sinal Bertrand pou fè l konnen “yo pa janm chanje ekip k ap genyen, kidonk yo pa deside negosye Dr Canton Wilsosse.

Share:

Leave a reply