Plizyè dizèn sitwayen kouri kite lakay yo akòz gwoup gang “Kraze Baryè” kap vale teren.

1,046

Anviwon yon senkantèn sitwayen kouri sove tèt yo, pou al kache devan anbasad amerikèn, jounen lendi 24 jiyè 2023 a, se zak malonèt gwoup gang sangwen “Kraze Baryè”, nan komin Taba.

07-25-2023

Taba, Ayiti______(TRiboLAND) Gwoup gang ki pote non “Kraze Baryè” a, e ki genyen nan tèt li, sanginè kriminèl Vitel’homme Innocent, kontinye chak jou ki jou, ap miltipliye krim ak tèritwa li nan depatman Lwès peyi Dayiti.

Pou pipiti, anviwon yon senkantèn sitwayen pete kouri kite lakay yo pou al bout devan pòt anbasad merikèn, ayè lendi 24 jiyè 2023 a, nan lide pou pwoteje tèt yo kont gwoup gang sangwen Vitel’homme Innocent an, kap koupe rache, nan plizyè komin nan depatman Lwès la.

Anpil nan sitwayen sa yo ki tap pale fè konnen, gang “Kraze Baryè” a, deja mete dife nan plizyè kay, touye plizyè moun, san konte plizyè ti malere ak malerèz ki pete kouri ak blesi kout bal sou kò yo.

Poze kesyon pou konnen, pou konbyen jou yo kite lakay yo? Plizyè lòt sitwayen ki tap pale fè konnen, yo pako konnen konbyen jou y’ap pase nan anbasad la, sèlsa yo kapab di: “yo ansekirite kote yo ye a”.

Comments are closed.