Sendika anseyan yo nan Grandans pote solidarite yo, anvè pwofesè Williamson Saint – Fleur ke polisye politou masakre ak kalòt

Grandans, Ayiti_____TRiboLAND) Nan rankont ak laprès aprè midi lendi 19 me 2025 lan, divès sendika anseyan nan Grandans tankou (Inyon nòmalyen, ak nòmalyènn – Grandans – Federasyon anseyan yo nan Grandans), pote solidarite yo, bay kòlèg yo nan Okap ke yon polisye polifront bastonnen.
Manm Sendika anseyan yo, mande jistis ak reparasyon pou pwofesè Saint – Fleur divès bouro ki nan enstitisyon polis la imilye devan je mond lan. Konsa, yo rabat pou yo reklame dedomajman e mande tout kò anseyan yo nan kat kwen jeografik peyi a kanpe pou fè yo respekte pwofesè Williamson Saint-Fleur.






