Pòdepè fè yon sèl tèt kole pou kwape fatra

0 561

Pòdpè___(TRiboLAND) Jan sa te deja anonse pou jodi Samdi 29 Fevwiye 2020 an, konbit netwayaj pou kwape fatra nan vil Pòdpe demare byen bonè nan maten. Responsab ORENO yo ki mare sosis yo avèk SOVE NÒDWÈS te deja kòmanse ak operasyon yo nan divès katye nan jounen ki te 27 ak 28 Fevwiye. Pami moun kap kowòdone yon parèy modilizasyon: oujwenn Gerard Jean Baptiste, Carl Philias, Pastè Jean Claude Thervil e san konte yon pakèt sou komite katye ki detèmine pou rele chalbarik dèyè fatra.

Mobilizasyon trè enpwesyonan, pèl, bale, rato, bourèt, kamyon ak angajman diferan katye nan site Kapwa Lamò a raple aktivite sèvis dijyènn ke moun pa wè lontan. Depi nan Chalè rive Twa Rivyè san bliye Lakoup ak latriye, granmoun kon ti moun, pwofesyonèl kon chomè, anfen tout kouch moun tout kalite finn awoyo nan sansibilizasyon pou mete politik akote nan pran desten yon vil ki te konplètman alagoni anba fatra. Sipò nan kad otorizasyon pou fasilite travay yo nan vil la te egalman jwenn apwobasyon pwemye sitwayen vil la, Majistra Josue Alusma.

Alòske lòt bò dlo nan peyi etranje sansibilizasyon pa sispann fèt avèk yon òganizasyon (Sove Nòdwès) ki gen alatèt li Clavaroche Amicy e ki reyini yon pakèt pitit Kapwa Lamò kap kotize pou epole divès mouvman ki chita sou chanje eskanp figi Nòdwès ak ti mwayen manm yo kotize chak mwa.

Espere ke gwo wonmble “Sitwayen Angaje” sa yo ke moun toujou wè kap fèt nan peyi tankou Jamaik, Sen Domeng, Etyopi e latriye, kapab kontinye e pwoteje si reyèlman moun nan vil la detèmine pou kwape salòp, kochon, bourik ak machann iresponsab ki pa sispan mete vi moun an danje.

Bwavo ORENO! Bwavo SOVE NÒDWÈS !

Leave A Reply